35 kay Ayisyen boule rapyetè nan Batey La Grúa ki nan Puerto Plata, Repiblik Dominikèn
- Jeff Rinvilien
- 3 août 2023
- 1 min de lecture

Plizyè fanmi Ayisyen ki ap viv nan batey La Grua tonbe nan gwo lapèn apre gwo dife ki eklate nan zòn sila. Dram sa pase nan minisipalite Imbert ki nan Puerto PLata, Repiblik Dominiken.
Dapre enfòmasyon ki disponib, se yon gaz ki ta lakòz eksplozyon an ki devaste kominote a. Dife a boule 35 kay ak tout sa moun yo te posede. Pou kounye a, okenn enfomasyon pa konfime si gen moun ki pèdi lavi yo nan dram sa.
Malerezman, malgre entèvansyon yo, pat gen okenn chans pou te sove bagay moun yo nan gwo dife sila. Konsil Ayisyen an nan Santiago, Dr. Jean Gardy Marius te fè deplasman byen rapid pou rive nan espas ensidan an.
Konsil la te pwofite pale ak viktim yo, li pran doleyans yo e li pwomet yo ke lap fe swivi pou yo. Li fè konnen tou ke Konsila a ap toujou rete pi pre popilasyon Ayisyen nan e disponib pou akonpaye yo.
Nap site; "Se pat yon bagay fasil pou viv, men ankò yon fwa nou montre ke men anpil chay pa lou. Konsila a ap toujou rete pi pre nou e disponib pou akonpaye nou". se sa konsil la di nan yon nòt ki pibliye sou paj facebook konsila a jodi jedi 3 dawout 2023 a.

Branchez RADIO AMITIÉ 104.7 FM
Comments