top of page
Amitie fm.png

Chef gang Joseph Janès alyas "Avyon" tonbe nan echanj kout zam ak plizyè lòt bandi nan yon operasyon PNH nan fè Mibalè

  • Photo du rédacteur: Amitié FM
    Amitié FM
  • 26 févr. 2024
  • 2 min de lecture

Joseph Janès alyas "Avyon", chèf gang Fonds-Cheval la vale dlo bouch li ak plizyè lòt sòlda nan kad yon operasyon Lapolis nasyonal Dayiti mennen nan Mibalè, kote l mete anba kòd 2 jenn fanm pami yo madan Avyon epi sezi yon machin ak zam pou bandi yo.

Pa gen wout pa bwa. Lapolis la kontinye ap afime detèminasyon l pou l mete lòd nan peyi a epi tabli sekirite nan zòn kote bandi kriminèl yo ap taye banda depi kèk tan. Se nan sans sa li tanmen yon operasyon nan komin Mibalè kote li deja voye nan peyi san chapo Joseph Janès alyas Avyon, chèf gang Fonds-Cheval la.

Nan yon kominike pou laprès, enstitisyon polisyè a fè konnen se sou enstriksyon kòmandan an Chèf la, Frantz Elbé, ajan UTAG, UDMO-lwès 2 ak UDMO Sant angaje nan operasyon sa. Toujou daprè PNH la, ajan sila yo mobilize lajounen kou lannwit ansanm ak tout resous nesesè yo pou pèmèt reyisit misyon sila ki vize demantle yon fwaye gang endividi ak zam ap tante tabli nan zòn lan.


Daprè kòdinasyon Près ak Relasyon piblik PNH la, gen divès lòt bandi ki fè vól pou peyi san chapo tou, pami yo yon frè "Avyon", nan moman ajan PNH yo t ap opere nan komin Mibalè, patikilyèman nan zòn Fonds-Cheval ak Terre Rouge.


Depi kèk jou, plizyè inite espesyalize nan PNH la, nan kad yon misyon espesyal, deplwaye nan komin Mibalè, sitou nan "Terre Rouge" ak Fonds-Cheval, depatman Sant. "Lapolis sezi zam ak konfiske machin, epi arete Roudeline Rémy ki se madanm chèf gang "Avyon", ak Rémy Widenise",si n dwe kwè kominike Lapolis la ki bay garanti enstitisyon an detèmine e l ap pwogrese nan operasyon sa yo nan lide pou fasilite lib sikilasyon pezib sitwayen yo.

PLR

Radio Amitié 104.7 FM

Commentaires


Abonnez-vous à notre newsletter

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram

Merci pour votre envoi !

© 2024 Amitié FM - Tous droits réservés

bottom of page