
Mèt André Michel, youn nan reprezantan SDP nan akò 21 desanm nan mande Premye minis Ariel Henry pou l "vanse ak sa vle".
Nan sitiyasyon malouk peyi ap konnen depi plis pase de (2) lane, kote kriz politik la makònen ak ensekirite a soti pou l koupe souf pèp la, Mèt André Michel, youn nan Pòt vwa Sektè demokratik ak popilè a (SDP) mande chèf gouvènman an pou l aji nan sans pou l pèmèt peyi a jwenn stabilite l.
"Si n ap tann tout moun n ap tounen pwa tann, an n vanse ak moun ki vle", se sa mèt avoka a ekri sou kont X li kote li eksprime pozisyon l klè sou sa ki dwe fèt nan jou k ap vini yo.
Nan menm X sa a, Mèt Michel ki se youn nan pi fidèl alye pouvwa an plas la, fè konnen moman an rive pou PM Ariel Henry elaji HCT a, kanpe KEP a, monte Gouvènman Inite Nasyonal la, demare pwosesis revizyon konstitiyonèl la ak pwosesis elektoral la pou Pèp la ka chwazi moun ki pou dirije Peyi a.
"Li lè, li tan pou nou bay Pèp la lapawòl. Nou dwe pwofite prezans Fòs entènasyonal kap vini an pou n fè eleksyon prese prese nan peyi a. Pèp la pap mache nan okenn pwojè 2 grenn gòch ki pral mete plis pwoblèm nan peyi a", si n dwe kwè André Michel ki renouvle atachman SDP ak dyalòg ki daprè li, se sèl mwayen pou n konstui ayiti.

PLR
Radio Amitié 104.7 FM
Komentarze