top of page
Amitie fm.png

Jounen entènasyonal lang matènèl: Ayiti dwe konstwi yon lekòl pou Ayisyen, daprè Nesmy Manigat

Photo du rédacteur: Amitié FMAmitié FM

Nan okazyon Jounen entènasyonal lang matènèl, ki komemore chak 21 fevriye, minis Edikasyon nasyonal la, Nesmy Manigat, raple obligasyon pou Ayiti " konstwi yon lekòl pou Ayisyen". Daprè Nesmy Manigat, " elèv yo ap aprann lòt lang rejyon an pi vit, ak tout lòt matyè kourikoulòm 2024 la", avèk itilizayon Kreyòl la antan ke lang matènèl.


" Apre 220 ane endepedans" , minis Edikasyon peyi Dayiti a, Nesmy Manigat, estime ke peyi a dwe konstwi yon lekòl pou Ayisyen, nan yon piblikasyon li fè jodi madi 20 fevriye a sou paj Fesbouk li. Nesmy Manigat nan piblikasyon sa montre enpòtans ansèyman lang Kreyòl la genyen nan lekòl yo an Ayiti.


Nesmy Manigat pwofite pou l raple ke, nan kad komemorasyon Jounen entènasyonal lang matènèl la, Kreyòl la, selon sa li di, se yon matyè obligatwa " depi nan preskolè rive nan egzamen bakaloreya".


Nesmy Manigat fè referans nan sans sa ak yon dokiman ki pote non " Kad oryantasyon kourikoulòm Fondamantal ak Segondè (2024-2054). Dokiman sa enskri l nan pwosesis pou fè pwomosyon pou lang matènèl nou, ki se Kreyòl. Li konsène divès dòmèn ak matyè ki etidye nan klas fondamental tankou nan segondè. N ap pale de lang ak kominikasyon, ki gen ladan Kreyòl, Fransè, Anglè, ak Espayòl ; Devlòpman pèsonèl ak sosyal, kote yo pale de Edikasyon pou sitwayen, Edikasyon atistik, ak kiltirèl, ak lòt; Syans matematik ak esperimantal; Syans sosyal, epi Teknoloji ak Aktivite pwodiksyon.


N ap siyale ke Jounen entènasyonal lang matènèl la, komemore chak 21 fevriye nan yon ane. Se Unesco, yon Ògan Nasyon Zini ki okipe l de zafè Lasyans ak Ledikasyon ki mete l sou pye nan lane 2000. Nan kad komemorasyon Jounen an pou ane 2024 la, tèm ki kenbe pou ane a se " Edikasyon miltilang se yon pilye pou aprantisaj generasyon yo".

Ralph Thierry Cadet

Komentari


Abonnez-vous à notre newsletter

  • Facebook
  • Twitter
  • Instagram

Merci pour votre envoi !

© 2024 Amitié FM - Tous droits réservés

bottom of page