
Òganizasyon feminis FANM YO LA denonse ak tout fòs li menas Madan Dominique Dupuy jwenn akòz li te aksepte patisipe nan Konsèy Prezidansyèl la. Li pwofite raple dwa ak devwa fanm yo genyen pou patisipe nan politik peyi a, jan manman lwa peyi a mande sa .
Nan yon kominike pou laprès ki soti jou madi 26 mas la, Kolektif feminis pou patisipasyon fanm nan politik, FANM YO LA, di l remake avèk anpil sezisman videyo kote anbasadèz peyi Dayiti nan UNESCO, Dominique DUPUY, t ap esplike li te dakò pou rantre nan yon estrikti politik enpòtan pou sèvi peyi l. Men, jounen jodi a, akòz menas ak konpòtman seksis, li deside kite sa, li pa nan jwèt la ankò. FANM YO LA di l regrete sa jèn diplomat la te sibi a pandan l denonse sak fèt la.
Nan sans sa a, òganizasyon an souliye se toutan FANM yo ap viktim lè yo nome yo nan pòs oubyen lè yo ale nan eleksyon. Yo jwenn jouman, menas, difamasyon elatriye. Malgre tou, li pa nòmal pou jodi a, an 2024, pou sa kontinye ap fèt konsa, kòmkwa pou yon moun deside pa pran yon pòs politik paske li se yon fanm. Nan optik sa a, kolektif la fè sonje fanm yo reprezante 52% nan popilasyon an.
"Kèlkeswa moun nan sosyete a gen dwa pa dakò ak yon lòt nan zafè politik, ou dwe toke kòn ou ak li sou baz lide, agiman ak ideoloji, men kesyon pou se ak gwo jouman sou vi prive l, paske li se yon fanm nan , li lè li tan pou sa sispann nan peyi Dayiti ! ", se sa FANM YO LA deklare nan kominike sa a.
Nan menm lide sa a, li pwofite pou l di pati politik yo, espesyalman pati ki di yo se demokrat yo, menm si nou pa gen, nan kontèks konstitisyonèl, atik 17.1 nan konstitisyon an amande egzije pou gen omwen trant pousan (30%) fanm nan tout estrikti politik k ap fèt nan peyi a. Kidonk, depi yon estrikti yo respekte kota trant pousan (30%) fanm yo, sa vle di li pa respekte regleman demokrasi a.

PLR
Comments